Yon Òganizasyon ayisyen ki angaje l nan devlopman kominotè.
bg2.jpg
 

 

4th Haiti Funders Conference -5315.jpg
 

Kiyes nou ye

Kreyatè kapasite
Nou konstwi kredibilite nan oganizasyon de baz yo pandan nap ogmante kapasite yo.

Katalizè Nou sipòte devlopman ak kolaborasyon kominote yo pandan nap ran sèvis kòm mwayen sivik.

Konektè Nou fasilite ak efikasite aksyon filantropik ki ankouraje chanjman sistemik

 

vizyon nou

HDI ap chache yon lòt Ayiti ki konstwi men nan men ak opòtinite epi jistis pou tout moun.

misyon nou

Nou travay pou konstwi kominote nan sipòte lidè lokal yo, ranfòse òganizasyon yo, epi konekte moun ki gen enterè pou enpak sistemik.

ISTWA NOU

HDI se yon eritaj The Haiti Fund, yon fon ki gen senk lane ki te fonde nan Boston Foundation pou reponn ak tranblemantè ki te devaste Haiti an 2010, nan solidarite avèk Greater Boston Haitian American Community.

Haiti Fund te adopte yon apwòch diferan de plizyè inisyativ an repons ak dezas. Li pilote gras yon komite ke yon ayisyen dirije epi li te bay sibvansyon dirèk a òganizasyon lokal Ayisyen ki pa gen objektif fè lajan ki aprouve yo, ki te deja ap travay nan kominote a nan tip efò devlopman pou anpil tan ki rann kominote yo mwens vilnerab ak dezas. Haiti Fund te fè 145 sibvansyon pou yon total de 2.65 milyon dola nan Boston epi nan 9 sou 10 depatman Ayiti yo.

Eksperyans sa te montre nou ke kominote nan andeyò yo gen lide, enspirasyon ak lidè lokal ki angaje pou antreprann projè pou amelyore fason moun viv, edikasyon ak lasante. Men yo bezwen sipò, pa sèlman finansye, men nan òganizasyon tou.

Lidè nan andeyò yo bezwen fòmasyon, antrennman, epi aksè ak enfòmasyon, rezo epi koneksyon pou ede yo grandi òganizasyon ki ka kenbe epi agrandi travay yo. Sektè ki pa gen objektif fè lajan, sektè piblik ak prive yo bezwen sipò pou travay nan patenarya pou mennen devlopman pou anpil tan nan kominote yo.

Pandan sa, donatè ki swete reyalize enpak dirab bezwen konsèy epi resous ki disponib nan peyi a, epi akonpanyeman pou sipòte inisyativ lokal yo ak konstwi kapasite lokal efikasman.

Se konsa, Haiti Development Institute te kreye.

HDI te anrejistre an tan ke yon oganizasyon san objektif fè lajan an 2017, epi te resevwa sètifikasyon kòm yon ekivalan 501 ( c )(3) avèk NGO Source depi 2018. Nou etabli Katye Jeneral nou nan Akayè, Ayiti an 2018.

 
 
 

EKIP NOU

Ekip nou an genyen kalite ak ekpètiz pou sipòte pwogrè reyèl epi dirab an Ayiti. Nou se ekspè nan ekonomi ak devlopman sosyal epi nan ranfòsman òganizasyonèl.

 

 

KONSÈY ADMINISTRASYON

4th+Haiti+Funders+Conference+-5578.jpg

Konsèy nou an konpoze manb ki Ayisyen ak sa ki pa Ayisyen, ki ap viv nan peyi a, ak aletranje, ki se ekspè nan aksyon bon zèv, devlopman, administrasyon, finans ak kominikasyon. 

 
 
textura.jpg
 

PATNÈ NOU YO

 

 
 

Logo HDI an fèt dapre estil yon kokiy konk. Koki gen enpòtans nan istwa ak kilti ayisyen an paske li reprezante gwo batay ayisyen te fè pou pran libète yo. Lidè Revolisyon Ayisyen yo te itilize kokiy lan kòm yon mwayen pou kominike epi rele moun esklav yo ansanm pou ranvèse bouro yo. Jodi a, koki a senbolize apèl HDI pou poze aksyon, pou vini ansanm nan inite pou kreye yon pi bon avni.

 
 
conch.jpg