Transfòme kominote yo mande kapasite, resous, angajman sivik ak kolaborasyon plizyè patnè
bg2.jpg
 

 

WhatWeDo-Banner2.jpg
 

HDI travay ak sektè ki pa gen objektif fè lajan, ki nan aksyon bon zèv, ak gouvènman yo nan yon apwòch angajman sou plizyè fòm.

 

KISA NOU FÈ

Se nan kominote riral peyi Ayiti w'ap ka santi tout pwofondè enpak povrete nan lavi moun. San aksè ak pwogram gouvènman yo, fanmi yo konte sou kominote yo pou bay yo sipò ak sèvis yo bezwen pou yo siviv chak jou.

Oganizasyon sosyete sivil yo ranpli yon gwo tonton wòl nan sipòte fanmi ki pòv yo epi dirije jefò pou rezoud pwoblèm yo kominote a. Men, yo lite anpil paske yo pa genyen okenn osinon yo pa gen ase sipò ak resous pou fè sa. Pifò zèv filantropik ak èd pou Ayiti pa rive jwenn òganizasyon lokal yo.

Avèk sipò patnè donatè li yo, HDI kanalize resous finansye yo bay òganizasyon san bi likratif ak pwojè ki kredib, epi ranfòse kapasite òganizasyon lokal yo pou yo ka efektivman adrese pwoblèm sante, edikasyon, ak devlopman ekonomik nan kominote yo a.

Sepandan, transfòme kominote yo egzije non sèlman kapasite ak resous men tou mobilizasyon, angajman sivik, ak kolaborasyon ant plizyè patnè.

Kalite apwòch plizyè fasèt sa a mande yon lidèchip pasyan ak andirans nan jefò yo.

 

Ranfòse kapasite Òganizasyon ak Lidè Lokal yo   

Olemica.jpg
 

Òganizasyon kominotè yo enpòtan. Yo rann li posib pou ansanm nou mobilize pouvwa ak resous chak grenn moun yo epi fè fas ak defi kominote yo ak plis posibilite. Yo travay pou:

  • ankouraje elvaj zannimo ak agroekoloji,

  • devlope enstalasyon ak enfrastrikti pou tretman;

  • amelyore swen sante kominotè ak edikasyon;

  • òganize aktivite devlopman pou jèn yo; ak

  • fasilite òganizasyon sosyal yo fè ekonomi ak aksè kredi.

Pandan ke òganizasyon lokal ki pa gen objektif fè lajan  yo pran angajman ak pote nouvo bagay, yo souvan bezwen sipò pou ranfòse kapasite yo nan gouvènans ak lidèchip, planifikasyon pwojè / pwogram, jesyon finansye ak resous zimèn.

HDI envesti nan lidèchip lokal atravè pwogram devlopman kapasite òganizasyonèl li yo ke li fè pou lidè ak òganizasyon ke ayisyen ap dirije.

 
coral-bg.jpg
 

Sèvis donatè pou yon aksyon bon zèv efikas

4th+Haiti+Funders+Conference+-9567.jpg
 

Gras ak konsèy ekspè epi sipò sou teren an Ayiti, HDI ka ede ou kontribye nan vrè devlopman dirab nan bay jarèt ak lidè lokal yo ki pral kondwi Ayiti nan yon pi bon avni.

Nou kapab:

  • Ede ou ankadre òganizasyon lokal ki kredib yo epi kominote yo ak ti sibvansyon.

  • Ranfòse kapasite patnè lokal ou yo.

  • Bay konsèy sou estrateji aksyon bon zèv ou a.

  • Fè rechèch sou pwoblèm ak sektè devlopman ayisyen yo.

  • Rete yon patnè yo ka fè konfyans nan egzekite plan ou yo, ak sèvis tankou dilijans, siveyans, evalyasyon, rapò ak konvokasyon.

  • Gide ou nan vizite benefisyè ak envestisman aktyèl oswa potansyèl, oubyen nan yon vwayaj pou chèche konnen peyi a pi byen.

 

 

Lidè Sivik epi ki kapab rasanble moun                  

Public+meeting+with+mayor.jpg
 

HDI sipòte devlopman kominote an Ayiti ak kolaborasyon entènasyonal pou Ayiti pandan li sèvi kòm yon sant sivik.

Konsyantizasyon piblik ak patisipasyon sivik yo se de eleman enpòtan nan yon sosyete kap avanse. HDI kreye yon platfòm pou angajman sivik e bay espas pou dyalòg nan disiplin yon fason pou sipòte efò lidè lokal yo nan transfòme kominote yo a.

HDI sèvi tou kòm yon konvokatè pou lidè k ap fè bon zèv ak devlopman ki enterese kolabore sou solisyon ak defi pi ijan Ayiti yo.

 

 
bg-darker-blue.jpg
 

 

AdobeStock_71378641.jpeg