KONSILTASYON FILANTWOPIK

 

HDI mete pon ant òganizasyon filantropik ak san bi likratif ayisyen yo e filantwopis yo pou ede yo gen pi gwo enpak ak don yo an Ayiti. Nou marye konpetans kiltirèl ak ekspètiz nan domenn sèvis konsiltatif pou ofri bonjan konsiltasyon filantwopik ki byen chita, tankou:

 

Atelier+cassaverie+appuye+par+ACAPE.jpg
 

Administrasyon Sibvansyon yo

HDI ede donatè yo jwenn òganizasyon lokal ki kredib epi ankadre kominote yo ak ti sibvansyon. Nou ka konekte fondasyon ak donatè endividyèl ak òganizasyon san bi likratif ki ka itilize sipò finansye modès nan yon fason extwawòdinè pou avanse inisyativ ki baze sou bezwen kominote a. 

Antanke Entèmedyè Sibvansyon, nou verifye pwofil benefisyè potansyèl yo, administre sibvansyon yo, epi kontwole e evalye enpak sibvansyon an.

Kèk Egzanp travay nou fè:

Nou kapab matche sibvansyon ak developman kapasite, konsa donatè yo ap ka voye resous bay kominote ki pi bezwen yo epi, nan menm pwosesis la, devlope kapasite lidè kominote yo.


Capacity+building+program+photo.jpg
 

Sipò pou Patnè Lokal yo

Donatè yo ka fè patnè avèk HDI pou enskri benefisyè pa yo a oswa afilye lokal yo nan pwogram kowòt konplè nou an pou devlope kapasite yo.

HDI kapab sipòte tou devlopman òganizasyonèl patnè lokal yo nan bay asistans fleksib, asistans sible ak sèvis enkibasyon pou fondasyon. Sèvis sa yo la pou rive jwenn yo nan sitiyasyon yo ye a e ede yo atenn pwochen nivo efikasite yap chache a. Pa egzanp, nou te travay avèk anpil donatè ak fondasyon ayisyen pou:

  • devlope epi mete anplas sistèm jesyon finans amelyore pou pèmèt òganizasyon lokal la resevwa lajan sibvansyon dirèkteman olye ke kòm yon soutretan nan yon ONG entènasyonal

  • antreprann pwosesis legal la pou jwenn enskripsyon kòm yon òganizasyon san bi likratif

  • jwenn ak ekipe espas biwo ak kreye yon sit entènèt.


HDI+take+IAF+-+for+donor+trips.jpg
 

Konsèy pou Vizit Donatè yo

Nou gide endividi, fondasyon familyal, gwo enstitisyon donatè ak anpil lòt ankò ki vle voyaje Ayiti pou:

  • vizite benefisyè aktyèl ou potansyèl yo

  • rankontre lidè tenas e pasyone de baz yo 

  • wè egzanp filantropi efikas ki ka enspire yo, ak 

  • Konprann peyi a pi byen e eksperimante kilti klere li ak ekla bote li.

Vwayaj nou yo vize chanje pèsepsyon sou filantwopi nan Ayiti epi ede donatè yo rafine estrateji filantropik yo. Nou bay pèspektiv istorik ak kiltirèl sou devlopman Ayiti epi konekte donatè yo dirèkteman ak patnè lokal yo. Vwayaj yo personalize pou konsantre atansyon nou sou enterè endividyèl chak donatè. 


Tanpri kontakte nou sou kijan HDI ka ede ou atenn objektif ou yo

Lòt fason nou wè bagay yo