Lidè Sivik epi ki kapab rasanble moun

HDI sipòte devlopman kominote an Ayiti ak kolaborasyon entènasyonal pou Ayiti pandan li sèvi kòm yon sant sivik.

Konsyantizasyon piblik ak patisipasyon sivik yo se de eleman enpòtan nan yon sosyete kap avanse. HDI kreye yon platfòm pou angajman sivik e bay espas pou dyalòg nan disiplin yon fason pou sipòte efò lidè lokal yo nan transfòme kominote yo a.

HDI sèvi tou kòm yon konvokatè pou lidè k ap fè bon zèv ak devlopman ki enterese kolabore sou solisyon ak defi pi ijan Ayiti yo.

 

Community+Meeting.jpg

Angajman kominotè

Oganizasyon sosyete sivil yo se aktè esansyèl nan mobilize moun, fè sansibilizasyon sou bezwen kominote a, defann pou chanjman ak angaje ak gouvènman lokal la pou avanse travay yo. Nou mete moun ki gen enterè yo ansanm nan tout kominote yo ak sektè yo, yon fason pou ankouraje patenarya piblik-prive epi idantifye ak pouse levye chanjman yo. Nou ede kominote yo reyini ansanm pou fòme yon vizyon kolektif pou sa yo vle pou kominote yo ak kijan yo ka rive la.


Data+photo.jpg

Sant pou Done ak Enfòmasyon

Kòm yon konpayon enpòtan nan angajman sivik, HDI rasanble enfòmasyon ki detaye e ki lokalize tankou yon zouti pou kominote yo ka pli pouse  konvèsasyon yo epi ede moun ki konsène yo deside sou bezwen  ak estrateji pou satisfè yo.


4th+Haiti+Funders+Conference+-0906.jpg

Foròm sou Devlopman Ayiti

Konferans pou Finansè Ayiti yo

LYoun nan wòl kle HDI yo se sèvi kòm konvokatè prensipal pou lidè ki nan aksyon bon zèv ak devlopman epi ki enterese nan kolabore sou solisyon ak defi ki pi ijan Ayiti yo. Konferans pou Finansè Ayiti yo vize ogmante kantite ak enpak aksyon bon zèv yo gen sou Ayiti nan kreye yon espas kote finansye aktyèl ak potansyèl yo reyini ansanm pou:

  • aprann sou temwayaj reyisit yo epi konsilte moun ki nan menm kondisyon ak yo sou defi yo ;

  • Tande ekspè yo sou tandans tan kounya sou pwen ekonomik ak lòt epi  motè devlopman yo

  • chèche opòtinite pou pouswiv aksyon kolektif atravè inisyativ siyifikatif nan zòn ki pwomèt yo kote envestisman entegre yo kapab reyalize enpak sistemik.

Konferans yo trè patisipatif epi yo bay ase tan ak espas pou patisipan yo konekte youn ak lòt, ki se kle nan bati yon kominote finansye pou Ayiti ki sèvi kòm yon resous kontinyèl pou kowòdinasyon ak kolaborasyon pou pita.

Al gade http://haitifundersconference.org pou enfòmasyon sou 4yèm Konferans Finansè Ayiti ki te fèt 5-7 jen 2019 nan Miami, FL.

Gade pwogram pou 3yèm Konferans Finansè Ayiti ki te fèt 9-10 novanm 2016 nan Vil New York.

Pratik Kominote yo

Aktè ki angaje nan devlopman Ayiti ap chèche ogmante opòtinite pou reyini ansanm pou yo mete estrateji sou fason pou amelyore enpak yo epi avanse devlopman nan aksyon kolektif. Nan 2020, HDI pral lanse kominote pratik pilòt nan sektè debaz yo pou nou kontinye diskisyon enpòtan nan tout defi nan sektè a. Nou ap kolabore ak dirijan pratikan nan sektè espesifik yo pou devlope estrikti ak operasyon nan pratik kominote yo.


SVLC+photo.jpg

Vilaj dirab ak kominote aprantisaj

HDI se yon patnè nan yon gwo inisyativ sou enpak kolektif ki rele Vilaj Dirab ak Kominote Aprantisaj (SVLC). Atravè divès gwoup patnè ki Inivèsite Eta nan New York (SUNY) tap direje, nan kolaborasyon ak gouvènman lokal yo, inisyativ la pral ranfòse kapasite sitwayen lokal ak òganizasyon nan vil Akayè ak kominote ki antoure l yo nan idantifye priyorite kominote yo ak devlope sèvis edikatif, ekonomik ak sosyal dirab pou satisfè yo.

Inisyativ SVLC a pral kreye yon kanpis ak plizyè sant pou plizyè enstitisyon ak pwogram pou:

  • ranfòse pwogram edikasyon pwofesyonèl ak teknik ki deja egziste ak konble vid yo

  • sipòte sèvis ti biznis ki fèt lanse ak fòmasyon pou antreprenè.

  • devlope resous pou sektè agrikilti ak fè elevaj bèt oubyen plante sa ki gen rapò ak dlo

  • ranfòse fòmasyon founisè swen sante yo

  • ankouraje devlopman kominotè pa mwayen atizana ak kilti

  • sipòte jefò kominote yo pou ranfòse livrezon sèvis ak devlopman sektè sosyal.

SVLC a ap bay opòtinite pou echanj edikatif pou elèv ak fakilte nan New York ak Akayè. Objektif li se sèvi kòm yon sit demonstrasyon ki montre pi bon pratik nan konstriksyon ak konsepsyon dirab.

Wòl HDI se fasilite angajman kominote a nan planifikasyon SVLC, pran desizyon ak operasyon pou asire opinyon kominote a, patisipasyon ak apwopriyasyon pwogram yo kreye yo. Anplis de sa, HDI pral pran yon wòl lidè nan devlopman Sant Inovasyon Sosyal SVLC a.


Lòt apwòch nou yo