Ranfòse Kapasite Òganizasyonèl yo

HDI ede lidè lokal yo ak òganizasyon yo vin pi efikas, bati kredibilite, ak echèl pwogram yo nan aktivite sa yo:

 

Cohort+small+group+work.jpg

Pwogram Kowòt pou Ranfòse Kapasite Òganizasyonèl yo

Pwogram konplè HDI pou ranfòse kapasite pandan dezan an ede anpil lidè òganizasyon san bi likratif bati estrikti ak system kap fè òganizasyon yo a pi djanm e pi efikas. Pwogram nan adrese kapasite chak òganizasyon nan tout fasèt yo, e adapte ak twouvid espesifik pa l yo menm, dapre sa nou li nan yon evalyasyon nou te fè ak kolaborasyon sere tout lidè òganizasyon yo. HDI ranfòse lidè lokal yo ansanm ak tout òganizasyon pa yo a pou yo tounen ajan kap transfòme kominote yo. Kidonk, nou seleksyone manm kòwòt ki gen pwojè ak pwogram enklizif ki reponn ak bezwen kominote yo a. Apresa, evalyasyon konplè kapasite nou an pral gade lidè yo (endividyèl), òganizasyon an (enstitisyonèl) ak kominote a (sistemik).

Pwogram nan itilize yon metòd aprantisaj blende ki gen ladann:

  • Fòmasyon nan Gwoup – Yo seleksyone sijè yo apre evalyasyon yo, li ka genyen: Gouvènans, lidèchip, Jestyon finansyè, Konsepsyon ak Jesypn Pwogram, Kominikasyon, Angajman kominote a, Ranmase lajan ak Ekri Demann Sibvansyon, epi Evalyasyon Enpak ak Pèfòmans.

  • Aprantisaj ant elèv ak elèv – Nou kreye opòtinite pou elèv yo mete tèt yo an rezo kamarad ak kamarad, bay ankadreman epi pataje enfòmasyon.

  • Bay ankadreman – Apre fòmasyon gwoup yo, anplwaye osinon konsiltan yo bay ankadreman ak sipò souplas pou pèmèt aterisaj aprantisaj la nan kalite travay toulejou òganizasyon an.


Accompaniment.jpg

Sipò Akonpayman Sanbi likratif

Objektik HDI se bati konpetans ak kredibilite òganizasyon sanbi likratif ayisyen kap dirije jefò devlopman nan kominote yo. Pou nou rive fè sa, nou ofri sipò fleksib ki rive jwenn òganizasyon sanbi likratif yo nan pozisyon yo ye a e sipòte pou kwasans yo kontinye. Nou sipòte òganizasyon yo, tankou nan:

  • Fè planifikasyon estratejik

  • Konsolide sistèm jesyon bidjè ak finans.

  • Amelyore aranjman gouvènans yo, estrikti òganizasyonèl yo, ak resouzimèn improve their governance arrangements, organizational structures and human resources

  • Jwenn ak amenaje espas biwo

  • Devlope yon sit entènèt

  • Prepare pwopozisyon finansman yo


HDI+Training+795.jpg

Ranfòse Kapasite Ofisyèl lokal yo

Ayiti pa menm gen yon pwogram lisans nan inivèsite ki fokis sou Sèvis Piblik. Politisyen ak ofisyèl gouvènman lokal yo pa gen okenn preparasyon espesifik pou jwe wòl yo a.  Nan yon kolaborasyon ak Sant pou Devlopman Intènasyonal nan Inivèsite Eta New York, HDI ap devlope yon kourikoulòm pou yon pwogram kap fòme lidè lokal kap vini yo, e ki gen bonjan mantalite sivik, sou lidèchip ak jesyon efikas gouvènman lokal daprè kòd etik yo. Pwogram nan ap entwodwi konsèp gouvènman an tankou yon Sèvis Piblik, epi chita sou règ etik yo ki ap ede prepare lidè ki pral travay ansanm ak kominote yo pou soti yo nan wout pwovrete a.


Entèvansyon nou yo prepare pou pemèt nou ranfòse ansanm:

Patisipasyon nan pwogram kowòt HDI oubyen si yo pa nan pwogram nan, òganizasyon yo gen aksè ak Pwogram akonpayman HDI pou òganizasyon sanbi likratif yo. 

HDI bay sibvansyon ak òganizasyon lokal sanbi likratif ki Ayiti (Gade anba a nan Sèvis Konsiltasyon yo pou jwenn enfòmasyon sou sèvis entèmedyè sibvansyon nou yo. Nou sipòte fondasyon san bi likratif ki resevwa sibvansyon yo ak kèk evalyasyon kapasite ti-echèl ki ede yo idantifye bezwen kapasite òganizasyonèl ke nou ta dwe adrese nan pwogram devlopman kapasite yo. Sibvansyone yo aprann pandan yap pratike, gras ak sipò HDI nan pwosesis implemantasyon pwojè a. Tout sa ogmante enpak sibvansyon an, pandan kominote ap benefisye rezilta pwojè a. 

Yon bagay enpòtan, HDI fòme e jere yon rezo ak tout òganizasyon nou travay ak yo, sa ede ogmante kapasite lidè lokal yo pou rete 'konekte e kolabore ansanm.

Lòt fason nou wè bagay yo