
Sibvansyon
Pandan dis lane, Haiti Fund ak HDI bay 267 sibvasyon ki evalye ak $4.375 milyon dola, pifò ale jwenn òganizasyon lokal yo ki ap travay pou amelyore pwodiksyon agrikòl yo, devlope mwayen sibzistans moun yo, ankadre fanm ak fi, ede kominote yo ki te viktim katastwòf epi sipòte sa ki pi fèb yo.

Ranfòsman Kapasite
HDI mete kanpe pwogram ranfòsman kapasite sou de (2) lane pou de kowòt epi li gen pou li lanse de lòt ankò, ke 41 òganizasyon kominote ki pa gen objektif fè lajan pral benefisye.
44 òganizasyon te resevwa ranfòsman nan pwogram akonpanyeman òganizasyon ki pa gen objektif fè lajan yo.
Rasanbleman ak Lidèchip Sikik
HDI te òganize kat Konferans ak donatè yo nan uit (8) dènye ane sa yo, epi li te jwe yon wòl enpòtan nan mobilize sipò donatè yo pou reponn ak katastwòf yo.
Anplis, n ap sipòte anpil evènman ki ankouraje angajman kominotè yo pou mobilize moun ki gen enterè yo epi sipòte devlopman kominotè .
