HDI Louvri yon Sant Kominotè
Nan dat 18 me, Haiti Development Institute (HDI) selebre ouvèti ofisyèl Sant Kominotè Arkaye a, yon dat ki te koresponn ak Jounen Drapo Ayisyen! Plis pase 190 manm kominote a te patisipe nan yon jounen pòt ouvè pou vizite Sant lan, ki gen ladan l: de sal klas, yon laboratwa òdinatè, yon sal reyinyon, yon espas pou timoun, ak biwo administratif. Nou te fè tou yon seremoni pou remèsye otorite lokal yo ak patnè ki te sipòte kreyasyon Sant lan.
Sant lan se yon poto mitan nan Kolektif Arcadins, yon inisyativ devlopman rejyonal ke HDI ap dirije pou ankouraje transfòmasyon ekonomik ak sosyal sou Kòt Arcadins nan Ayiti. Avèk ranfòsman kapasite ak envestisman nan enstitisyon lokal yo, konsòsyòm Kolektif la ki gen 11 patnè lokal ak entènasyonal ap soutni devlopman ekonomik enklizif, angajman sitwayen ak ranfòsman kominotè. HDI pran angajman pou fè Sant lan tounen yon espas kominotè kote manm kominote a santi yo propriyetè epi enplike.
Malgre ensekirite ki te lakòz reta nan renovasyon ak lansman Sant lan, nou pa t dekouraje. Nou reyalize konstriksyon an epi mete ansanm yon ekip ekselan. Sant lan se yon byen enpòtan pou kominote a, li pral bay yon espas sekirize pou aprantisaj ak devlopman kapasite pou timoun ak jèn yo, epi sèvi kòm espas sivik pou gwoup kominotè yo.
"Sa se yon etap enpòtan pou kominote a ak pou inisyativ Kolektif Arcadins lan, e nou swete angaje manm kominote a atravè pwogram ki adapte ak bezwen yo," se sa Pierre Noel, Direktè Egzekitif HDI, pataje.
Youn nan manm Gwoup Konsiltatif Jèn HDI a, Mayco Désilus, te di:
"Kolektif Arcadins ap kreye plis opòtinite pou jèn yo aprann lakay yo. Sa ap pèmèt yo reyalize rèv yo san yo pa oblije kite vil la."
Nou voye yon gwo mèsi espesyal bay W.K. Kellogg Foundation pou sipò jenere li pou Sant lan, HDI ak Kolektif Arcadins.