5yèm Konferans Donatè pou Ayiti: Yon Siksè
Ant kriz kap vin pi grav chak jou ak bezwen imanitè k ap ogmante, 5yèm Konferans Donatè pou Ayiti, ki te fèt 12 pou rive 14 jen 2023, te reyini envestisè, donatè, lidè òganizasyon dyaspora ak sektè non-gouvènmantal, ansanm ak lòt aktè enpòtan pou Ayiti. Objektif la se te devlope estrateji pou reponn ak moman sa a epi pi byen soutni pèp Ayisyen an ak tout fòs chanjman ki sòti bò lakay. Pandan nou rekonèt ke sitiyasyon Ayiti jodi a pa soutenab, nou wè ladan l yon opòtinite. Se sa k fè konferans lan te chwazi tèm sa a: "Chanjman dwe fèt, epi filantwopi ka jwe yon wòl kle nan relans Ayiti si nou envesti estratejikman depi koulye a."
180 patisipan ki reprezante 123 òganizasyon te pran pati nan evènman an, ki te mete sou pye 22 sesyon plenyè ak atelye, ak 57 oratè, 70% ladan yo Ayisyen, ki te dirije diskisyon yo. Te genyen tou plizyè entèvansyon espesyal pandan konferans lan.
Diskisyon yo te baze sou difikilte aktyèl yo, men objektif konferans lan pa t pou adapte nou ak kriz la oswa chèche sòti ladan l sèlman. Okontrè, nou te konsantre sou kijan filantwopi ak asistans devlopman ka pi byen atake koz rasan kriz Ayiti yo epi jwenn pi bon rezilta pase sa nou te konn jwenn nan tan pase. Nou te reflechi sou leson nou ka aprann nan echèk ki fèt deja, epi nou te etidye modèl siksè kote patnè ap travay dirèkteman ak kominote yo pou konbat lamizè.
Ou ka li rezime konplè sou konferans lan isit la. Youn nan oratè yo te di sa trè byen: “Gen de mo ki t ap tounen nan chak konvèsasyon: kolaborasyon ak patenarya. Paske nou gen yon devwa pou nou fè pi byen pase jan sa te fèt nan tan lontan, epi entèlijans kolektif nou isit la gen anpil valè. Nou kapab fè pi byen pase sa lemonn antye ap fè kounye a nan Ayiti.”
Kisa Konferans Donatè pou Ayiti ye?
Seri Konferans Donatè pou Ayiti ap chèche ogmante kantite ak enpak don filantwopik kap sipòte devlopman ekonomik ak sosyal dirab nan peyi a. Li sipòte aktè ki deja enplike nan travay sou teren epi ankouraje nouvo patnè pou antre nan domèn lan. Konferans sa a, ki chaje ak patisipasyon, mete ansanm yon kominote angaje kote donatè ak ekspè ka:
aprann de istwa siksè epi pale ak kòlèg sou defi yo;
tande analiz ekspè sou sitiyasyon politik ak ekonomik aktyèl la epi wè kijan sa afekte efò devlopman yo;
bati relasyon pou kolaborasyon ak kowòdinasyon;
epi dekouvri inisyativ enpòtan kote envestisman entegre ka gen enpak sistemik.
Konferans sa a fèt chak de zan. Swiv www.haitidevelopmentforum.org pou w jwenn plis enfòmasyon sou pwochen edisyon an.