Nouvèl Sibvansyon – Sipò pou Devlopman Antrepriz Sosyal

Sipò HDI pèmèt òganizasyon lokal yo reyalize plan pa yo ki soti nan kominote a pou mete devlopman sou pye. Yon bon egzanp se sibvansyon nou bay GREDEL (Groupe de Réflexion pour le Développement Local), yon òganizasyon san bi likratif ki chita nan sid Ayiti.

GREDEL devlope yon antrepriz sosyal ki ap ede peyizan manyòk nan kominote a ogmante revni yo. Avèk èd yon sibvansyon $15,000 soti nan HDI, GREDEL achte ekipman pou moulen ak kwit manyòk, epi li mete sou pye yon sant pwodiksyon pen manyòk, yon ti goute Ayisyen ki trè popilè. GREDEL bay asistans teknik pou ede agrikiltè yo ogmante pwodiksyon manyòk yo, epi li achte manyòk la nan men yo — sa kreye yon mache ki bay peyizan yo konfyans pou yo envesti plis nan pwodiksyon yo, paske yo konnen l ap gen retou. GREDEL fòme tou 139 moun nan lokalite a pou yo aprann kijan pou sèvi ak ekipman sant lan pou fè pen manyòk. Antrepriz sa a tounen yon sous opòtinite travay nan zòn nan.

Sa montre kijan menm yon ti kantite resous filantwopik, lè yo pase nan men òganizasyon lokal yo pou egzekite plan pa yo kont lamizè ak pou devlopman, ka gen yon enpak reyèl sou lavi moun ki plis vilnerab — epi nan yon fason ki soutni. Kominote sa a chita nan kè rejyon sid Ayiti ki te pi frape nan tranblemanntè 2021 lan.

Nadjee Jocelyn