Ranfòse Repons ak Preparasyon pou Katastwòf ki Dirije pa Ayisyen
HDI te mete tèt li ansanm ak Haiti Response Coalition pou òganize yon konferans an pèsòn soti 9 pou rive 11 jen 2022, nan vil Okay, Ayiti (nan zòn tranblemanntè a te frape), pou analize repons ki te fèt epi reflechi sou kijan preparasyon ak repons yo ka vin pi solid.
Objektif konferans lan se te bay espas pou dyalòg kote moun ki plis afekte pa katastwòf yo ka pale, epi pou mete an valè wòl yo genyen pou sipòte kominote yo, anvan menm epi apre katastwòf. Òganizasyon kominotè yo se premye moun ki reponn lè gen katastwòf, e yo toujou la pi lontan, kòm poto mitan estrikti sosyal kominote a, ansanm ak gouvènman lokal yo. Yo gen bon pozisyon pou mennen pwojè ak pwogram ki reponn a bezwen rekiperasyon pi ijan yo, epi ki ka prepare kominote a kont lòt danje ki ka vini.
Konferans lan te rasanble 225 lidè kominotè ak sektè piblik ki sòti nan divès zòn ki te frape pa tranblemanntè devastatè 2021 lan. Patisipan yo te revize nivo preparasyon peyi a ak rejyon sid la pou katastwòf, repons imedya yo, ak sistèm pou kowòdinasyon, evalyasyon ak jesyon efò rekiperasyon yo. Yo te konsidere sa ki chanje oswa amelyore depi tranblemanntè 2010 ak siklòn Matthew, sa ki toujou manke, epi sa yo dwe mete an plas pou pi byen prepare pou pwochen katastwòf natirèl la.
Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou evènman an ak pwogram lan sou sit entènèt platfòm reyinyon HDI a: www.haitidevelopmentforum.org.