Pou n rebati Ayiti apre tranblemanntè a, nou dwe bay Ayisyen pouvwa

Pierre Noel and Karen Ansara, Kòdonatè Envites

Tragedi limanite a se lè nou pa janm aprann anyen nan sa ki te pase deja. Men fwa sa a, pri a twò wo pou n repete menm erè yo.

Ayisyen ap sibi yon lòt fwa ankò yon gwo eprèv ak yon tranblemanntè devastatè. Dèga yo nan sid peyi a imans. Yo estime anviwon 130,000 estrikti—kay, lekòl, klinik, wout, sous dlo, ak enfrastrikti agrikòl tankou moulen, kanal, depo ak kay bèt—fouye atè oswa kraze nèt. Lavi plizyè santèn milye fanmi peyizan ki te deja ap lite vin pi frajil toujou.

Ayiti bezwen èd pou l rebati, men pandan èd entènasyonal ap antre, nou dwe aprann nan erè ki te fèt apre tranblemanntè 2010 lan. Si yo bay Ayiti èd san yo pa mete Ayisyen nan sant desizyon yo, y ap toujou rate sa ki pi enpòtan.

Kòm yon donatè Ameriken ki angaje seryezman pou ede Ayiti, ak yon Ayisyano-Ameriken ki te grandi nan yon zòn riral epi kounye a ap dirije yon òganizasyon ki apiye sou enstitisyon Ayisyen yo, nou menm de nou se temwen dirèk fòs patenarya vre ka genyen pou soutni ak ranfòse lidè, òganizasyon, enstitisyon leta, ak kominote Ayisyen yo.

Kijan kominote donatè entènasyonal la ka soutni vrè patenarya sa yo?

Li Atik la

HDI