Tranbleman Tè Frape Sid Pedi Ayiti

14 dawou 2021 an, yo gwo tranbleman tè nivo 7,2 ravaje yon gwo pati nan sid peyi Dayiti. Selon enfòmasyon Nasyonzini ak Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil ki nan peyi a, gen anviwon 2248 moun ki pèdi lavi yo, pou pi piti 12 581 moun blese, epi yo pa wè anviwon 329 lòt. An plis, yo pale sou 52 815 kay ki kraze, epi 83 770 lòt domaje. Katastròf  sa a, ki te gen aprè l yon move tan ki mennen inondasyon ak glisman tè, domaje 1060 lekòl, 171 ladan yo detwi nèt, sa ki reprezante 16% nan kantite lekòl nan zòn nan, 60 dispansè epi anpil wout ak sous dlo. Tout baz agrikilti nan zòn nan, tankou moulen, kanal irigasyon, depo ak bare yo, jadin yo, nich myèl ak patiraj yo vrèman sakaje. Tout enfòmasyon yo pako fin rive, sitou nan zòn rekile yo. Men, gen 800 000 moun ki sinistre, epi 650 000 ladan yo ki reprezante 40%  nan popilasyon ki viktim  nan gen nesite pou yo jwen èd imanitè an ijans. Pwoblèm sikolojik yo grav anpil.

Malè sa a vini nan yon moman kote gang ame kap simen dèy ak latwoublay bloke wout ki mennen nan kapital la, epi koupe tout pati Sid la sou tout rès peyi a, yon bagay ki bay gwo pwoblèm a ekonomi an ki fèk soti anba gwo dega siklòn Matthew, sa fè sink (5) lane. Maladi KOVID la reparèt ankò sou plizyè lòt fòm. Lavi plizyè santèn milye fanmi ki depann sèlman sou travay latè epi ki te gentan pòv anpil vin pi mal jounen jodia.

Ki jan yo ede

Kominote entènasyonal la aprann de erè li te fè nan tan pase yo. Kounye a, li wè li enpòtan anpil pou li enplike òganizasyon lokal yo nan repons yap bay a katastòf natirèl yo, epi pou li mete mwayen nan men yo dirèkteman. Lè nou bay èd yo, nan moman katastròf yo, a òganizasyon lokal yo ki byen makònen nan reyalite kotidyen moun ki viktim yo, nou ranfòse an menm tan, enstitisyon kominotè sa yo ki toujou la pou retabli konplètman sitiyasyon an nan pote yon repons dirèk nan rekonstriksyon an pandan lap garanti pwodiksyon richès.

HDI ap ranmase lajan pou bay sibvansyon ak sipò ki asosye pou bay kominote lokal yo pouvwa pou yo ede tèt yo refè apre katastwòf sa a. Depi lane 2010, nap soutni anpil òganizasyon ki nan zòn tranbleman tè a te frape nan bayo sibvansyon ak akonpayman pou ranfòse lit kont povrete yap mennen anndan pwogram yo. Anpils, HDI pote konkou li bay anpil patnè nan gran Sid la, nan bayo mwayen pou rezoud gwo pwoblèm siklòn Matthew te bay nan lane 2016 la.

Fòm konkou sa a ap dire lontan nan diyite, epi se pi bon fason pou nou montre solidarite nou. Oganizasyon sa yo toujou ap travay san rete pou mennen yon lavi miyò nan mitan kominote yo, nan ranfòse rezistans yo, epi nan stabilize kondisyon lespri yo. Kote òganizasyon imanitè yo paka rive, òganizasyon lokal yo gentan sou tèren an pou bay kout men ak vwazen yo ki an difikilte.

HDI