Repons HDI fas a COVID-19

FENAFENM COVID grant community work.jpg

Depi pandemi an te rive defye menm sistèm swen sante ki pi djanm nan tout mond lan, nou te enkyè sou enpak COVID-19 ka genyen an Ayiti.Sepandan,menm si nou pa ka fè konfyans chif ki bay yo epi kapasite pou fè anpil tès te limite,Erezman nou ka di kowonaviris la pa fè gwo enpak jan sa te prevwa.

Nou kapab di se chans oubyen kèk aspè nan kowonaviris la ke yo poko ka konprann. Nou pa epanye tou gwo jefὸ  kèk aktè tankou-Gouvènman Ayisyen an,Òganizasyon Sosyete Sivil yo,Òganizasyon Kominotè yo ak donatè yo-ki te pran angajman pou edike,sansibilize moun yo ,redui nan pwopagasyon viris la epi prepare sant tretman pou akeyi malad yo.

Kouman HDI te kontribye

HDI te òganize yon seminè web kote reprezantan nan Komisyon Nasyonal COVID-19 Ayiti a te pataje ak kominote filantwopik la sa k ap fèt ak kote moun yo kapab ale pou ede. Evènman te gen plis pase 100 patisipan. Nou te pwodui epi pataje enfòmasyon sou koronaviris nan jounal papye,nan radyo, epi itilize yon machin k ap sikile pase reklam sou kowonaviris pou pèmèt enfὸmasyon an rive jwenn menm moun ki nan zὸn andeyὸ yo.

HDI te fè patenarya tou avèk Sant Lidèchip ak Ekselans Ayisyen an pou bay ti sibvansyon ak lidè kominotè yo pou enfòme ak ekipe kominote yo pou pwoteje tèt yo. Pou n fini, nou te administre yon gwo sibvansyon tou bay Asosyasyon Fanm Majistra yo ke Fondasyon Kellogg finanse pou aktivite edikasyon ak prevansyon nan 10 komin nan zὸn fwontalye yo Ayiti-Repiblik Dominikèn.

Byenke HDI te kontribiye nan ede kominote yo sou fason yo ka pwoteje tèt yo kont koronaviris la, travay ki pi enpòtan an poko fèt. HDI kontinye ede patnè lokal yo travay ak yo pou pwoteje kominote yo kont danje y ap fè fas chak jou-tankou swen sante, byennèt,povrete,ensekirite alimantè epi absans opὸtinite .

HDI