HOME-BANNER-FINAL.jpg
 

Lidè ki pi djanm.

Òganizasyon ki pi djanm.

Kominote ki pi djanm.

Chanjman enpòtan ak dirab ann Ayiti dwe kòmanse anndan peyi a menm. Lidè zòn yo ak òganizasyon ki baze nan kominote yo se kle pou vrè pwogrè kap dire pi plis.

Lidè lokal yo bezwen sipò dirèk ak finansman ki pral ede yo konstui òganizasyon kap reyisi, kap grandi e kap dire nan travay yap fè a.

Nou ankadre lidè, òganizasyon, ak antreprenè sosyal lokal yo. Nou ba yo kapasite, ekipman, resous ak koneksyon yap bezwen pou dirije devlopman nan kominote yo a. Nou ede kominote filantwopik yo konekte ak òganizasyon sa yo epi sipòte bon jan jefò devlopman ayisyen menm ap fè. Epi nou sipòte kominote yo pou reyini moun, enstitisyon piblik oubyen prive ki gen enterè pou vin patisipe nan jefò planifikasyon kominotè yo.

Se sitwayen ki pi angaje, ki pi an sekirite e ki santi yo te jwenn ankadreman nan kominote pa yo a k ap ka kontribye nan devlopman nasyonal peyi a, pou yon Ayiti jis e reyisi.  

                          

Home-page-graphic-KR-01.png
 
HDI ap chache yon lòt Ayiti ki konstwi men nan men ak opòtinite epi jistis pou tout moun.
 
20141122_135809[1].jpg
 
 
 

Sa nou fè

4th+Haiti+Funders+Conference+-0816.jpg

Ranfòse Kapasite

Nou bati lidè ak òganizasyon efikas gras ak fòmasyon, antrenman ak akonpayman.

Administre Sibvansyon

Nou ede donatè yo jwenn opòtinite envestisman efikas ak sipò chanjman efektivman.

Christina+full+width.jpg

Mobilize and Konvoke

Nou ankouraje angajman kominotè, konvoke moun ki gen enterè yo pou dyalòg, ak stimuler kolektif enpak.

 
 
 
 

4.65M$

Finansman sou fòm sibvansyon, ki rive jwenn 284 òganizasyon kip a gen objektif fè lajan

+85

Òganizasyon benefisye yon sipò, yon fòmasyon ak yon ankadreman

+30

Aktivite ke lidè sivik yo òganize

 
 
 
textura.jpg
 

 VIZYON 10 

HDI ap selebre 10e anivèsè li an 2020. Nou te sou teren an, nan zòn andeyò nan Ayiti pandan dis (10) lane, epi konstwi relasyon ak anviwon 1000 òganizasyon lokal kap travay pou amelyore pwodiksyon agrikòl, devlope mwayen pou viv, ankadre fanm ak fi, epi ranfòse kominote yo.  

VISION10-KR.png

N ap tann ak enpasyans pwochèn faz nou ak anpil kè kontan, pandan nap kontinye transfòme HDI pou li vini yon enstitisyon devlopman solid ak dirab.

bg-darker-blue.jpg
 

 Derniers articles